Accessibility links

Breaking News

Plizyè Responsab Medya Ayisyen Patisipe Nan Yon Seminè Nan Miami


Se nan otèl Entèkontinantal nan Miami ke plizyè pwopriyetè medya, direktè ak teknisyen nan rejyon karayib la ak lòt kote nan amerik latin ak amerik dinò a te reyini pou yo te vinn patisipe nan yon seminè 3 jou Broadcast Depot te òganize. Broadcast Depot se yon konpayi ki vann ekipman elektronik e ki ofri seminè sa a chak ane pou bay moun ki nan milye jounalis la yon fòmasyon sou medya.

Pami moun ki te patisipe nan fòmasyon sa a, nou jwen mesye Pradel Henriques ki se direktè radio/televizyon nasyonal ann Ayiti, Edwin Jean ki se responsab teknik nan televizyon nasyonal ak Rock Laguerre ki reprezante radio tele seven stars ki nan plato santral. Seminè sa ki te kòmanse vandredi 16 jiyè a te entwodui patisipan yo bay nouvèl teknoloji odiovizyèl ki sou mache a ak fason pou yo itilize materyèl sa yo.

Patisipan yo pral sèvi ak materyèl sa yo kòm yon zouti pou fasilite retransmisyon radio ak televizyon nan diferan zòn peyi a. Nan yon entèvyou nan mikwo lavwadlamerik, reprezantan sa yo pale de fason yo pral itilize nouvo teknik yo aprann nan fòmasyon sa a pou amelyore près Ayisyèn nan.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyouPierrre Nazon Bolière

XS
SM
MD
LG