Accessibility links

Breaking News

Plizyè Peyi ap Wete Sitwayen yo nan Libi


Moun ki nan èpòt Libi a k ap eseye kouri kite peyi a
Moun ki nan èpòt Libi a k ap eseye kouri kite peyi a

Kanada ak La Grand Bretay geyen pou yo voye jedi 24 fevriye 2011 la, kèk avyon nan kapital Libi a, Tripoli, nan kad yon efò masif ki sou pye pou fè etranje k ap viv nan peyi a pati kite l.

Move tan fòse yon bato-transpò pasaje ki te sipoze ale nan zile Malt ak sitwayen ameriken yo rete pase nuit la nan Tripoli, e sa vin retade efò k ap fèt pou ameriken sa yo kite Libi.

Nouvèl yo fè konnen se pa dizèn de milye etranje ki nan peyi a ap monte abò avyon, bato, e nan kèk ka menm, abò kamyonèt ki chaje depase limit, pou yo eseye kouri pou yon sitiyasyon tèt-anba k ap evolye nan Libi nan moman manifestan opozisyon an tonbe nan lese-frape ak gouvènman an.

XS
SM
MD
LG