Accessibility links

Breaking News

Plizyè Peyi --pami yo gen Lèzetazini-- Mande Prezidan Siryen an, Bashar al-Assad, Bay Demisyon n san Pèdi Tan


Prezidan Siryen an Bashar al-Assad
Prezidan Siryen an Bashar al-Assad

Lèzetazini, Inyon Ewòp la ak lòt puisans mondyal lanse apèl pou yo mande demisyon prezidan siryen an, Bashar al-Assad, akoz gwo kokenn operasyon sere-boulon li lanse kont manifestan politik yo.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè parèt jedi 18 out la yon deklarasyon kote li di lè a rive pou misye Assad kite pouvwa a. Se konsa tou misye Obama pibliye yon lòd egzekitif kote li anonse sa dokiman an prezante kòm « sanksyon san parèy » Lèzetazini ap pran kont Siri nan kad efò k ap fèt pou ranfòse izolman ekonomik rejim Assad la.

Nan yon dekarasyon sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, fè jedi, li konfime desizyon prezidan Obama anonse a.

Chèf diplomasi amerikèn nan di :

“Prezidan Obama lanse apèl bay Assad pou mande l kite pouvwa a e li anonse Lèzetazini ap pran sanksyon ki pi dyanm yo jiskaprezan kont gouvènman siryen an.

Pami sanksyon sa yo genyen sektè enèji a, pou n kapab ranfòse presyon an sou rejim Assad la.

Tranzisyon ki pou debouche sou demokrasi nan Siri deja kòmanse e li lè, li tan pou Assad wete kò l sou wout la.”

Chèf politik afè etranjè Inyon Ewòp la, Catherine Ashton, repete apèl sekretè deta Clinton nan lè li di Misye Assad pèdi tout lejitimite nan je pèp siryen an. La Frans, Lalmay, La Grand Bretay ak Kanada, yo menm tou lanse apèl bay Prezidan al-Assad pou yo mande l bay demisyon n.

XS
SM
MD
LG