Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Ap Tande Plent Kont Administrasyon Trump la sou Dosye TPS pou Ayisyen yo


Yon dam kap eksprime nan mikwo laprès sou desizyon Depatman Sekirite Teritoryal Etazini pou mete fen nan TPS, Estati Pwoteksyon Tanporè pou imigran ayisyen yo. Foto: REUTERS/Eduardo Munoz,21 novanm 2017.
Yon dam kap eksprime nan mikwo laprès sou desizyon Depatman Sekirite Teritoryal Etazini pou mete fen nan TPS, Estati Pwoteksyon Tanporè pou imigran ayisyen yo. Foto: REUTERS/Eduardo Munoz,21 novanm 2017.

Lendi 7 janvye 2019 la plentif mete ak manm òganizasyon kap sipòte imigran ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè,TPS, ap bay yon konferans deprès pou pale sou plent yo te deja depoze devan yon tribinal nan New York pou mande lajistis bloke desisyon administrasyon Trump la te pran pou mete fen nan federal pwogram sa a ki pèmèt plis pase 50 mil imigran aysiyen rete viv e travay Ozetazini legalman.

Pami reprezantan òganizasyon sa yo genyen: Jocelyne Gay, Haiti Liberte; Marlein Bastien, Egzekitif direktè Family Action Network Movement (FANM); lòt ankò tankou ayisyen ki gen TPS ak moun ki konpoze pati plenyan nan ka sa a e latriye.

Goup la ap reyini anfas tribinal la kap estatye li sou ka TPS Ayisyen yo a, e ki twouve l nan Eastern District, New York Federal Court House, 225 Cadman Plaza E, Brookyn NY, 11202. Imigran ayisyen mete ak lòt moun nan kominote ki gen TPS yo, alye ansam lidè politik, relijye ak avoka imigrasyon ap prezan nan mach sa tou.

Pou anpil moun, fen Pwogram Estati Tanporè a, TPS, ap mete an dange anviwon 50 mil imigran ayisyen ak fanmi yo si imigrasyon amerikèn ta fòse yo retounen ann Ayiti. Se premye fwa yon tribinal pral tande plent sou dosye sa a.

Administrasyon Trump la estime rezon ki te lakoz yo bay plizyè imigran ayisyen TPS, rezon sa pa ekziste ankò. Nan mwa novanm 2017, Depatman Sekirite Enteryè Etazini te anonse li mete fen nan stati pwoteksyon tanporè a pou ayisyen yo. Desizyon sa a ap antre ann aplikasyon 22 jiyè 2019.

An plis de Ayiti, administrasyon Donald Trump la mete fen nan pwogram TPS pou sitwayen Soudanè, Onduryen, Nikaragweyen, Salvadoryen. Anbasadè ayisyen an nan Washington Paul Altidore ankouraje ayisyen konsène yo gen asetan pou regularize estati yo avan delè a rive. Gen plizyè milye ayisyen ki te benefisyè pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè deja regilarize estati yo menm avan anons administrasyon an te fè pou l mete fen nan pwogram TPS pou ayisyen an yo

XS
SM
MD
LG