Accessibility links

Breaking News

Plis Ed Nasyon Zini Pou Viktim Tranblemanntè 12 Janvye a


Chèf sivil Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTHA), Edmund Mullet, deklare efò ap fèt pou bati 20 mil kay pou viktim tranblemanntè 12 Janvye pase a.

Nan yon entèvyou eksklizif, mesye Mullet bay anvwaye espesiyal Lavwad Lamerik la nan Pòtoprens, Jean Pierre Leroy, li fè konnen komite k ap travay sou dosye a gen plan pou l ede tou menmm moun ki pat viktim dirèkteman anba gwo soukous la, pa egzanp moun k ap viv nan ravin yo.

Pou sa ki konsène eleksyon ki fikse pou 28 novanm pwochen an, ofisyèl l'ONU an di òganizasyon li reprezante a, menm jan avèk tout lòt manm kominote entènasyonal la, apiye enstitisyon, yo pa apiye yon moun an patikilye. Se yon fason klè pou Edmund Mullet di kominote entènasyonal la ap sipòte vòt 28 novanm nan.

Li di : "De tout fason eleksyon yo pral fèt. Nou pa gen okeen rezon valab pou n pa panse KEP ki la a kapab òganize eleksyon yo; e MINUSTHA pare pou l ofri asistan li nan domèn sekirite ak sipò lojistik pou pwosesis elektoral la."

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG