Accessibility links

Breaking News

Platfòm Altènativ Kondane Arestasyon Depite Arnel Bélizaire


Lidè Politik Ayisyen, Evans Paul
Lidè Politik Ayisyen, Evans Paul

Pòtpawòl Platfòm Altenativ la, Evans Paul, deklare : « Nou kondane konpòtman pouvwa ekzekitif la ki arete yon depite an fonksyon malgre iminite li. » Mesye Paul ki fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik lendi 31 oktòb la fè konnen, se pa yon rezon pou 2 pouvwa yo antre nan konfwontasyon.

Lidè politik ayisyen yo kontinye reaji sou dosye arestasyon depite Arnel Bélizaire ki pwovoke kòlè 2 chanm palman an.

Platfòm Altènativ Kondane Arestasyon Depite Arnel Bélizaire
Platfòm Altènativ Kondane Arestasyon Depite Arnel Bélizaire

Pòtpawòl Platfòm Altenativ la, Evans Paul, deklare : « Nou kondane konpòtman pouvwa ekzekitif la ki fè lapolis arete yon depite an fonksyon malgre iminite li. » Mesye Paul ki fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik lendi 31 oktòb la fè konnen, se pa yon rezon pou 2 pouvwa yo antre nan konfwontasyon.

Mesye Paul, ankouraje pouvwa Ezekitif la prezante chanm depite a ekskiz poutèt arestasyon depite pati Inite a, Arnel Belizaire, nan ayeropò Entènasyonal Pòtoprens nan dat 27 oktòb. Mesye Paul di li rete kwè yon desizyon sajès konsa te kapab evite gwo tansyon nan mitan 2 pouvwa yo.

Evans Paul raple eli yo ke pèp la pat al vote yo pou yo batay youn kont lòt. Li deklare : «Konfwontasyon pral gen konsekans grav sou peyi a, e se popilasyon an ki pral peye pou sa. »

Pòtpawòl Altenativ la reaji tou sou fòmasyon komisyon senatè ki pral verifye nasyonalite manm pouvwa ekzekitif la. Evans Paul fè konnen demach sa a pral pwovoke plis konfwontasyon nan peyi a. E li ta pi saj si palmantè yo fè yon kanpe sou inisyativ sa a si pouvwa ekzekitif la rekonèt erè l.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat atik la pou koute entèvyou Evans Paul bay Lavwadlamerik.

XS
SM
MD
LG