Accessibility links

Breaking News

Pitit Gason Prezidan Jovenel Moïse,Joverlin, Deklare li Gen Enfòmasyon Pou Pataje ak Lajistis


Joverlein Moïse et son pere
Joverlein Moïse et son pere

Nan yon entèvyou ak emisyon "Le Point" ak Télé Métropole, Joverlin Moïse di li genyen enfòmasyon enpòtan ki ka ede nan demach pou bay papa l jistis.

Nan entèvyou sa Joverlein te pale de desizyon li te pran pou l aji an pati sivil nan dosye asasina papa l. Dapre li, krim sa a se yon krim kont limanite, li pa ka rete san Ayiti avek fanmi li pa jwenn jistis. Li di ke li menm ak avoka li yo ap prepare demach legal yo, epi yo gen enfòmasyon enpòtan ki ka ede avanse dosye a.

Prezidan Jovenel Moise mouri asasinen nan gran maten 7 Jiyè lakay li nan Pelerin 5. Madanm ni, te blese grav nan atak la e li te oblije al pran swen nan yon lopital Miami.

Joverlein deklare tou, ke li respekte chwa bèlmè li fè pou l lanse yon karyè politik e li ofri l tout sipò li "menm jan mwen te la poum bay papam konsèy, map fè menm jan pou bèlmè mwen".

XS
SM
MD
LG