Accessibility links

Breaking News

"Sitiyasyon Kowonaviris la Ozetazini Pral Vin Pi Mal Anvan Li Amelyore." Deklarasyon Prezidan Trump


Prezidan Donald Trump ki te mete yon kachne pou la premyè fwa an piblik pandan li t ap vizite Lopital Militè Walter Reed nan vil Bethesda, Eta Maryland, samdi 11 jiyè 2020. (Foto: AP/Patrick Semansky).
Prezidan Donald Trump ki te mete yon kachne pou la premyè fwa an piblik pandan li t ap vizite Lopital Militè Walter Reed nan vil Bethesda, Eta Maryland, samdi 11 jiyè 2020. (Foto: AP/Patrick Semansky).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki rekòmanse prezantasyon pwendprès li te konn bay chak jou sou pandemi kowonaviris la nan jounen madi 21 jiyè 2020 an, fè konnen kantite ka enfeksyon KOVID-19 la ap ogmante atravè peyi a e, malerezman “genyen yon gwo chans pou sitiyasyon an vin pi mal anvan li amelyore. Se pa yon bagay men renmen di, men se reyalite a. Gade jan sitiyasyon an ye nan lemond... Kèk rejyon nan peyi nou an ap byen pase; men gen lòt kote sitiyasyon an pa tèlman pi bon pase sa.”

Misye Trump pale konsa nan premye pwendprès ofisyèl li bay nan La Mezon Blanch depi mwa davril pase a. Nan okazyon an Prezidan an fè deklarasyon ki pi djanm li jiskela sou kesyon pou moun mete mas nan figi yo kòm yon mwayen pou ede bloke pwopagasyon maladi motèl ki rele kowonaviris la, ki deja enfekte plis pase 3 milyon 800 mil ameriken tandiske li deja touye plis pase 141 millòt, daprè Sant Estatistik Inivèsite Johns Hopkins ki baze nan vil Baltimore, tou pre Washington DC. Lidè ameriken an ajoute:

“Kit ou renmen mete kachne, kit ou pa renmen sa, nou dwe rekonèt ke yo fè yon efè kanmenm. Mwen kòmanse abitye avèk yo.” Pandan prezidan an t ap di sa a, li te rale yon kachne nan pòch li pou l montre jounalis yo.

Sa pa gen lontan depi Prezidan Trump te kòmanse mete mas nan figi li pou la premyè fwa an piblik; sete pandan yon vizit nan lopital militè Walter Reed, tou pre kapital federal la, Washington. Jiskaprezan li kontinye rejte lide pou gouvènman federal la pran yon dekrè ki ta fè sitwayen ameriken yo an jeneral obligasyon pou yo pote yon kachne egzijibleman.

XS
SM
MD
LG