Accessibility links

Breaking News

Peyi Japon Deside Libere Kaptenn Yon Bato Pèch Chinwa


Le fèt ke japonè yo te mete kaptenn sa a nan prizon, sa te lage gwo tansyon nan relasyon diplomatik ant Peken ak Tokyo.

Otorite yo nan Tokyo te fè mete kaptenn nan sou lakonsing depi bato li t ap gouvène a te antre an kolizyon avék 2 bato patwouy japonè sa genyen 2 semèn ; sa te rive tou prè kèk zile ke tou lè 2 peyi yo ap rekalame kòmkwa yo sitiye nan dlo tèritoryal yo.

Lachin te egzite liberasyon imedyat kanptenn nan, e Peken te anile yon seri de rankont wo-nivo li te genyen pou l fè ak Japon kòm rezilta mezantant afè sa a te pwovoke ant 2 kapital yo. Pwofesè Liu Jiang-yong, k ap anseye nan inivèsite entènasyonal Tsinghua a, di Japon chwazi yon bon moman pou l libere kanptenn nan.

Pwofesè Liu di : “Si japonè yo te deside ale nan tribinal ak afè a --si yo te trennen kaptenn nan devan lajistis-- sa te kapab deteryore relasyon ant 2 peyi yo plis toujou, e sa t ap anpeche yo youn benefisye de opòtunite ekonomik ke lòt la kapab ofri li."

Bò kote pa l, Thereze Leung –yon asistan pwofesè nan Enstiti Afè Entènasyonal Sengapour la-- pale pou l di, daprè li, reyaksyon chinwa yo apre ensidan an, se yon reyaksyon egzajere .

Miss Leung di: ”Si genyen yon bagay mwen ta toujou renmen evite, se poze yon aksyon ki montre mwen manke matirite, mwen pa rezonab e mwen pran yon kou siprann; mwen panse fason chinwa-yo reyaji devan aksyon japonè yo, montre yon mank matirite, yon mank bon sans, yon mank larezon."

Mezantant ki te pete ant Lachinn ak Japon akoz afè sa montre frajilite relasyon ki egziste ant 2 peyi azyatik sa yo.

XS
SM
MD
LG