Yon tranblemanntè pwisan ki mezire 8.0 souke yon pati elwaye nan forè Amazòn nan, lès peyi Pewou dimanch 26 me 2019 la ; seyism lan detwi anpil kay e li lakoz blackawout nan rejyon an.
Daprè rapò ofisyèl yo, gen yon moun ki mouri e omwen 6 lòt blese. Prezidan peruvyen an, Martin Vizcarra ap planifye yon virewon nan zon sinistre a pou l ka evalye dega yo.
Li di eboulman bloke yon kantite wout. Tranblemanntè dimanch la te santre sou yon distans apepre 92 kilomèt de vil Yurimaguas nan nò Pewou, men li plis apeprè 114 kilomèt anba tè, sa ki epaye rejyon an de plis de dega.
Tranblemanntè rive souvan nan Perou, ki se yon pati nan "senti dife" Oseyan Pasifik la, zòn ki pi aktif nan mond lan nan aktivite sismik.