Accessibility links

Breaking News

"Gen Erè nan Rapò sou Kantite Moun Pandemi Kowonaviris la Touye o Pewou", daprè Prezidan Martin Vizcarra


Prezidan perivyen an, Martin Vizcarra. (Foto: Presidencia Peruana/REUTERS).
Prezidan perivyen an, Martin Vizcarra. (Foto: Presidencia Peruana/REUTERS).

O Pewou, Prezidan Martin Vizcarra fè konnen otorite sante piblik yo te fè yon erè lè yo pa t mete 3 mil 688 non sou lis moun pandemi kowonaviris la touye nan peyi a. Revizyon ki fet nan kantite moun ki mouri yo montre ke total la se omwen 17 mil 455. Nouvo total la gen ladan l viktim ki te pèdi lavi yo ant mwa mas ak mwa jen 2020. Sepandan moun pa konnen egzatteman si nouvo chif la pran an konsiderasyon kantite moun ki mouri anba viris la pandan mwa jiye a.

Prezidan Vizcarra lage responsablite erè a sou do sitiyasyon tèt-anba, sou gwo dezòd Pandemi an vin kreye nan mitan sistèm sante peyi a. Prezidan perivyen an, ki t ap pale nan jounen mekredi 22 jiyè a, fè konnen gouvènman an pral fòme yon komisyon pou otorite yo kapab pase an revi chif ak estatistik k ap sòti nan plizyè milye biwo atravè Pewou nan kad rapò y ap voye bay Sistèm Nasyonal Enskripsyon Moun ki Desede, yon ajans ki la pou jere yon rejis nasyonal kote yo enskri non moun ki mouri nan peyi a.

Jiskaprezan Pewou anrejistre plis pase 360 mil moun ki pèdi lavi yo anba kowonavris; sa ki fè li okipe 2èm pozisyon an nan tout rejyon Amerik Latin nan aprè Brezil.

XS
SM
MD
LG