Accessibility links

Breaking News

Pewou: Miss Keiko Fujimori Devan nan Kous Prezidansyèl la


Kandida a laprezidans Keiko Fujimori k ap pale ak jounalis pandan yon rankont ak jèn manm pati li a
Kandida a laprezidans Keiko Fujimori k ap pale ak jounalis pandan yon rankont ak jèn manm pati li a

Yon nouvo sondaj ki fèt nan peyi Pewou montre kandida konsèvatè Keiko Fujimori genye kounyeya yon ti avans sou kandida gochis Ollanta Humala, ki se yon ansyen manm lame, yon mwa anvan 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo.

Sondaj sa a ki parèt lendi 9 me a bay Miss Fujimori 41% entansyon vòt yo, tandiske misye Humala jwenn 39%. 2èm tou eleksyon yo pral dewoule nan dat 5 jen k ap vini la a.

XS
SM
MD
LG