Gen 9 lòt moun lajistis pral jije sou dose koripsyon sa yo, pami yo frè ak manman Madam Heredia. Yo pral jije yo an koneksyon ak on dosye koripsyon ak yon konpayi brezilyen pandan kanpay elektoral ansyen prezidan an.
Ollanta Humala ki gen 59 ane sou tet li, te dirije peyi Pewou ant 2011 ak 2016. Ak madanm li ki gen 45 ane, yo deja fè nèf mwa nan prizon 2017-18 an koneksyon avèk dosye sa yo. Pou kuonya yo nan detansyon prevantif.
Yo akize tou 2 ke yo te resevwa twa milyon dola ilegalman nan men konpayi brezilyen pandan kanpay an 2011, kote Misye Humala te genyen eleksyon yo.
Lajistis mande pou ansyen prezidan an pase 20 ane nan prizon e 26 ane pou madanm li.