Accessibility links

Breaking News

Prezidan Pewou a Demisyone


 Prezidan demisone Pewou a, Pedro Pablo Kuczynski
Prezidan demisone Pewou a, Pedro Pablo Kuczynski

Prezidan Pewovyen an Pedro Pablo Kuczynski anonse demisyon li mèkredi 21 mas 2018 la lavèy palman an ta pral vote pou retire l sou pouvwa a anba akizasyon koripsyon.

Nouvèl yo rapòte se premye prezidan nan amerik Latin nan ki demisyone nan eskandal koripsyon ki gen rapò ak konpayi brezilyen BTP Odebrecht. Demisyon sa a rive kèk semen avan peyi a akeyi Somè Amerik yo k ap gen patisipasyon yon trantèn chèf leta ak gouvènman pami yo Prezidan ameriken an, Donald Trump.

Lòt otorite nan amerik latin nan dosye enplike genyen Vis prezidan Ekwatoryen an, Jorge Glas, ki nan prizon e ki te oblije demisyone san bliye minis ak palmantè brezilyen an.

XS
SM
MD
LG