Accessibility links

Breaking News

Milyadè Ameriken e Ansyen Kandida a la Prezidans, Ross Perot, Mouri.


Ross Perot, 16 oktòb 1992. (AP Photo, Dosye).
Ross Perot, 16 oktòb 1992. (AP Photo, Dosye).

Nouvèl ki sòti Dallas, nan Eta Tegzas, anonse lanmò milyadè Ross Perot ki te poze kandidati li 2 fwa pou pòs prezidan Lèzetazini. Daprè ajans nouvèl Associated Press ki pibliye enfòmasyon an, pòtpawòl fanmi an, James Fuller, di Misye Perot rann dènye soupi li nan matine jounen madi 9 jiyè 2019 la. Li te genyen 89 lane.

Ross Perot te rive sòti nan peryòd mizè ki te mache avèk epòk depresyon ekonomik ane 30 yo pou l tounen youn nan moun ki te pi rich Ozetaizini gras ak yon konpayi sèvis òdinatè li te fonde, Electronic Data Systems Corp.

Bush (adwat), Clinton (agoch), Perot (nan mitan) nan deba prezidansyèl 1992 la. (Foto AP - Dosye).
Bush (adwat), Clinton (agoch), Perot (nan mitan) nan deba prezidansyèl 1992 la. (Foto AP - Dosye).

An 1992, Perot te antre nan kanpay prezidansyèl la kòm yon kandida endepandan, kote li te defye Prezidan an plas la, George H.W. Bush, ak demokrat Bill Clinton. Li te rive ranpòte 19% vwa yo, swa pi gwo pousantaj vwa pou kandida yon 3èm pati depi 80 lane. Gen lidè repibliken ki lage sou do li responsablite echèk George H.W. Bush nan eleksyon an.

Se an 1962 Ross Perot te fonde konpayi òdinatè a (EDS) epi li te vann li avèk General Motors an 1984 pou yon sòm 2 milya 500 milyon dola. Apre sa li ta pral fonde yon lòt konpayi ki rele Perot Systems.

XS
SM
MD
LG