Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Ameriken an Mike Pence di Li Lè, Li Tan pou "Ankèt Mueller la" Pran Fen


Vis Prezidan Lèzetazini an, Mike Pence.
Vis Prezidan Lèzetazini an, Mike Pence.

Vis prezidan ameriken an, Mike Pence, ki tap pale jedi 10 me 2018 la, deklare li panse li lè, li tan pou pwokirè espesyal Robert Mueller mete fen nan ankèt kriminèl lap mennen sou yon posib enteferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule Ozetazini nan mwa novanm 2016 la. Yon lòt objektif ankèt la se chache konnen si Prezidan Donald Trump te eseye bloke travay lajistis ak kèk aksyon li ta poze pou li deraye evolisyon envestigasyon an.

Nan yon entèvyou Misye Pence bay chèn televizyon NBC, li deklare: "Daprè mwen, nan enterè peyi a, li lè pou ankèt sa a pran fen." Sepandan pa gen okenn siyn ki ta montre M. Muller pare pou l mete fen nan yon ankèt ki la depi yon lane.

Prokirè espesyal Robert Mueller ki nan tèt ankèt sou "entèferans Larisi" nan eleksyon novanm 2016 la ak yon posib demach Prezidan Trump pou l bloke travay lajistis.
Prokirè espesyal Robert Mueller ki nan tèt ankèt sou "entèferans Larisi" nan eleksyon novanm 2016 la ak yon posib demach Prezidan Trump pou l bloke travay lajistis.

Ekip legal pwokirè Muller a ap negosye ak avoka prezidan an sou kesyon pou konnen eske M. Trump pral prezante devan Mèt Mueller pou yon entèwogatwa e sou ki kondisyon; pa egzanp, ki tèm yo pral abòde, konbe tan entèwogatwa a ap dire e si M. Trump pral fè depozisyon li sou sèman.

Si 2 pati yo pa rive jwenn yon antant, Mèt Muller di li byen kapab voye yon manda konparisyon bay Prezidan Trump pou l fè depozisyon li sou sèman e devan yon gran jiri; sa ka deklanche yon mezantant legal ki ka menm debouche sou Kou Siprèm nan pou li deside si yon prezida an plas dwe bay temwayaj li sou sèman.

XS
SM
MD
LG