Nan moman Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap repete angajman li pran pou li fè bon jan eleksyon nan mwa novanm nan, kèk sektè kontinye montre yo pa dakò ak fason vòt sa a ap òganize.
Nan repòtaj sa a depi Pòtoprens, Rotchild François, Jr. ap ban nou dènye deklarasyon responsab pati ansyen Prezidan Aristide la, Fanmi Lavalas, nan oklazyon yon manifestasyon ki dewoule lendi 20 Septanm nan devan lokal KEP a.
Korespondan nou Rotchild Frabncois Junior ap di nou plis.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Rotchild Francois Junior.