Accessibility links

Breaking News

Pastè Terry Jones Ap Defye Apèl Li Resevwa Pou L Pa Boule Kòran an


Lidè peyi ki genyen pi gwo popilasyon mizilman nan lemond la, Endonezi, lanse yon apèl prese-prese bay prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, pou mande l entèveni pèsonèlman pou l anpeche yon pastè ameriken boule divès kopi Kòran an, ki se liv sakre relijyon Islam nan.

Yon pòtpawòl prezidan endonezyen an, Susilo Bambang Yudoyono, fè konnen misye voye yon lèt bay Prezidan Obama pou l di l afè sa a ba l anpil preokipasyon.

Pastè sa a, ki rele Terry Jones, anonse ke li menm ak manm legliz li a (yon legliz ki genyen 50 manm sèlman) gen plan pou yo boule Kòran an andeyò tanp li a samdi 11 septanm k ap vini la a pou make 9èm anivèsè atak teworis ki te fèt sou Lèzetazini 11 septanm 2001 an; teworis ki te lanse atak sa a sete mizilman. Daprè Patè Jones, se Kòran an ki te enspire teworis yo pou yo poze zak sa a.

Reveran Jones di poukisa l ap poze aksyon sa a: "N ap boule Kòran an pou n atire atansyon sou bagay ki pa nan plas yo. Bagay yo pa nan plas yo. Se petèt lè, se pètèt tan pou n chache yon lòt mannyè pou n leve kanpe e fè fas ak zak teworis yo."

Isit Washington, Sekretè Deta Hillary Clinton fè konnen plan Pastè Jones nan pa koresponn ditou ak istwa ni tradisyon moun ap pratike depi lontan déjà Ozetazini kote gen tolerans pou relijyon. Daprè chèf diplomasi amerikèn nan toujou, yon aksyon konsa t ap voye yon move siyal konsènan relasyon Lèzetazini ak mizilman k ap viv nan peyi a e a letranje.

Madam Clinton di: "Se regretan pou yon pastè nan Gainesville, nan eta Florid, avèk yon legliz ki pa genyen plis pase 50 fidèl kapab monte yon plan ki tèlman derespektan e dekourajan konsa; se yon plan ki lage wont sou moun ki prepare l la; men li atire atansyon lemond antye. Yon aksyon konsa pa reprezante Lèzetazini, ni Ameriken yo, ni gouvènman ameriken an, ni dirijan legliz, ni lidè politik nan peyi isit."

Malgre apèl madanm Clinton ak lòt diyitè nan lemond, tankou Sekretè Jeneral l’ONI an, Ban Ki-moon, ak Vatikan lanse pou yo mande Pastè Terry Jones anile plan n nan, reveran an kenbe tenn fas l ap egzekite pwojè l la. Pastè Jones kontinye pou l di:

"Jiskaprezan pèsonn pa rive pran tèt nou pou fè n konprann se ta yon bon bagay pou n kite pwojè a tonbe. Kidonk, nan dat 11 septanm nan, nou pral egzekite plan nou an jan n prevwa l la."

Pastè Jones kontinye pou l di li ta renmen fè dat 11 septanm nan tounen "Jou kote moun boule Kòran an."

Divès gwoup relijye atravè Lèzetazini fè konnen yo gen plan pou yo pwoteste kont pwojè Pastè Terry Jones nan; e pami aktivite yo pral mennen pou sa, yo pral li Kòran an pandan jounen samdi 11 septanm nan.

XS
SM
MD
LG