Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Non nan Teyat Popilè Ayisyen an, Jean-Claude Joseph, Alyas Papa Pyè, Mouri Li te Genyen 66 Zan


Atis komedyen ayisyen byen koni: Papa Pye
Atis komedyen ayisyen byen koni: Papa Pye

Move nouvel la tonbe: Lafanmi Joseph nan Eta Maryland, tou prè Washington, ak nan Orlando, isit Ozetazini, anonse lanmò youn nan gwo non nan teyat popilè ayisyen an pou 20èm la ak debi 21èm syèk la, Jean Claude Joseph, alyas Papa Pyè, mouri nannuit yè madi a pou leve jodi mèkred 18 oktòb 2017 la. Li te genyen 66 zan. Pou plis detay, Lavwadlamwrik te pran kontak ak yon sè Papa Pyè, Yole Pierre, kap viv nan vil SIlver Spring, nan Eta Maryland. Madam Pierre pataje denye moman li te kominike ak Papa Pyè pandan defen an te sou kabann lopital.

Entèvyou Lavwadlamerik ak Yole Pierre sou lanmò, Papa Pyè, yon nan pi gwo komedyen ayisyen yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:25 0:00

XS
SM
MD
LG