Accessibility links

Breaking News

Avètisman OMS: Lemond Twouve l Toujou nan Mitan Pandemi Kowonaviris la


Doktè Mike Ryan, direktè Operasyon Dijans OMS (agoch) avèk Doktè Tedros Ghebreyesus, diirektè jeneral OMS. Doktè Ryan di "pandemi kowonaviris la fèk kòmanse gaye..."
Doktè Mike Ryan, direktè Operasyon Dijans OMS (agoch) avèk Doktè Tedros Ghebreyesus, diirektè jeneral OMS. Doktè Ryan di "pandemi kowonaviris la fèk kòmanse gaye..."

Direktè egzekitif Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Doktè Mike Ryan, lanse yon avètisman kote l di lemond toujou twouve l nan mitan eklatman pandemi kowonaviris la, nan moman peyi yo ap kontinye redi pou yo bloke pwopagasyon maladi a, tandiske genyen pami yo k ap relouvri aktivite yo menm le y ap anrejistre plis ka enfeksyon. Doktè Ryan deklare:

“Nou twouve nou egzatteman nan mitan premye vag maladi a ki blayi sou lemond antye. Wi, nou twouve nou toujou nan yon faz kote, an reyalite, propagasyon maladi a kontinye ranfòse.”

Doktè Ryan ajoute kantite nouvo ka yo ap ogmante nan Amerik Latin nan, nan Azi di Sid ak lòt rejyon nan lemond. Daprè li, kantite ka enfeksyon yo kapab ogmante rapidman san moun pa atann yo; e li lanse yon avètisman bay responsab yo nan Amerik di Nò, an Ewòp, nan Azi di Sidès avèk lòt zòn nan lemond pou l di yo pinga yo tonbe nan konplezans, pinga yo relache twò rapidman restriksyon yo mete an plas pou yo kontwole kowonaviris la. Mike Ryan, k ap dirije Divizyon Operasyon Dijans Oganizasyon Mondyal Lasante a, lanse avètisman sa a byen anvan lemond anrejistre yon 2èm vag ka enfeksyon kwowonaviris ki, dapre previzyon espesyalis yo, pral frape peyi yo nan kèk mwa anko; avètisman sa a pwovoke kè-sote lakay moun ki pa dakò ak lide pou dirijan yo relouvri aktivite ekonomik peyi yo, jan sa kòmanse fèt anpil kote nan lemond.

Deklarasyon Doktè Ryan yo tonbe kòm yon gwo kout dlo frèt nan mitan gwo esperans ki te deja ap bouyi kote moun yo te panse ekonomi mondyal la ta pral anrejistre yon relans rapid epi vwayaj entènasyonal yo ta pral rekòmanse tou patou sou planèt la. Direktè egzekitif Divizyon Operasyon Dijans OMS la pale konsa nan jounen lendi 25 me a nan moman Lèzetazini, ki se lidè mondyal pou kantite ka enfeksyon kowonaviris ak kantite moun ki mouri anba maladi a, pwojte divès imaj ki montre yon bannn ak yon pakèt moun ki rasanble nan anpil zòn piblik ki relouvri apre yo te pase plis ke 2 mwa fèmen -zòn tankou plaj, plas piblik avèk pak nasyonal.

XS
SM
MD
LG