Isit Ozetazini, moun ki renmen gade syèl la pou yo obsèvè deplasman planet ak lòt kreyati ki nan lespas te brave gwo fredi douvan jou a pou yo te wè yon eklips lalin ki fèt anvan solèy leve maten an.
Moun te ka wè eklips total sa a tou nan 2 lòt kontinan. Pandan 72 minit, lalinn nan te disparèt, pandan Planèt Tè a t ap pase ant Solèy la ak Lalinn nan.
Se premye eklips linè total ki fèt pandan sa savan yo rele «sòltis divè a ». Se nuit ki pi long nan Emisfè Oksidantal la. Sa genyen 372 zan depi yon fenomèn konsa te rive nan epòk sa a nan ane a.
Espesyalis yo prevwa 2 eklips linè total pral rive nan ane 2011 la; men, daprè La NAZA, moun k ap viv Ozetazini ap genyen pou yo rete tann ane 2014 (pi presizeman le 15 avril 2014) pou yo wè yon lòt eklips total lalin nan.