Accessibility links

Breaking News

Palmantè Ameriken Meeks, Levin, Sires, McCaul, Green Kondane Menas Kont Lavi Militan Dwa Moun Ayisyen Pierre Esperance


Depite La Chanm dè Reprezantan Etazini Gregory Meeks, Michael McCaul, Albio Sires ak Mark Green pibliye yon deklarasyon kote yo kondane menas ki fèt kont defansè dwa moun Ayisyen Pierre Esperance ak anplwaye Rezo Defans Dwa Moun nan RNDDH.

"Nouvèl sou menas kont lavi Misye Esperance kom reprezay pou travay li se yon bagay ki bay gwo kè sote, e Kongè Ameriken an konsantre sou mwaye pou pwoteje sekirite Misye Esperance ak kolèg li yo," deklarasyon an, ki pibliye sou sit Komite La Chanm kap travay sou Zafè Etranje 21 Avril.

"Nempot ki tantative pou silanse, kraponnen, trakase, menase oubyen estwopye Misye Esperance ak anplwaye RNDDH yo se yon bagay nou pap tolere," depite Ameriken yo ajoute.

"Nou lanse apèl bay otorite Ayisyen yo pou yo mennen ankèt kont tout menas ki fèt kont Misye Esperance e pran mezi ki nesesè pou pwoteje sekirite li ak sekirite kolèg li yo."

XS
SM
MD
LG