Palman italyen an bay apwobasyon final li sou plan mare-senti Premye Minis Mario Monti a, yon mezi ki pral redui depans leta, ogmante taks e pote refòm nan sistèm pansyon Itali a.
Sena italyen an apwouve ak yon kokenn majorite mezi 40 milya dola a alasuit yon vòt ki te dewoule nan menm sans nan chanm depite italyen an semèn pase.
Demach sila a vize redui defisi bidjetè Wòm, yon fason pou pèmèt Itali rete san l pa bezwen lajan sovtaj ekonomik nan men kominote entènasyonal la.
Mezi mare senti sa a debouche sou gwo pwotestasyon ki gaye sou tout teritwa italyen an.