Chanm dè Reprezantan Ameriken an vote yon pwojè lwa 335 vwa kont 91 pou finanse tanporèman gouvènman federal la pandan 2 semèn.
Desizyon an evite biwo gouvènman federal la fèmen pandan l ap pèmèt palmantè yo kontinye fè deba pou yon solisyon a lon-tèm sou bidjè peyi a.
Sena ameriken an dwe vote pwojè lwa a mèkredi 2 mas 2011 la. Palmantè yo gen jiska vandredi 4 Mas avan lajan ki gen nan kès gouvènman an fini.