Vis-Prezidan Gran Kò a, Senatè Jean-Marie Salomon Jr., anonse palmantè yo pral panche sou yon seri pwojè lwa ki gen anpil enpòtans pou sosyete a. Pami lejislasyon sa yo genyen pwojè lwa sou pinisyon kont responsab kidnaping, ak pwojè lwa sou travay la.