Nan Pakistan, otorite yo di nèg ak zam tire sou yon machin ki te gen mizilman shi’ite ladann, nan nòdwès Pakistan; 8 moun mouri e 5 lòt blese.
Otorite yo di gen omwen plizyè douzèn moun yo kidnape vandredi 25 mas 2011 la pandan atak ki fèt nan zòn Bagan nan, yon rejyon kote tribi Kurram nan ap viv, tou pré fwontyè Afghan an.
Daprè otorite yo, machin yo tap kouri sou wout prensipal ki travèse Kurram e ki konekte Parachinar, prensipal vil rejyon-an, ak Peshawar, kapital provens Khyber-Pakhtunkhwa.