Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta a Plase Pakistan sou Lis "Peyi Vyolatè Libète Relijyon"


Katye Jeneral Depatman Deta a, nan Washington.
Katye Jeneral Depatman Deta a, nan Washington.

Depatman Deta ameriken an plase Pakistan sou “ Yon lis Veye yo Spesyal” poutèt peyi sa a komèt “vyolasyon grav libète relijyez” nan moman nouvèl yo fè konnen Washington ap pare pou l koupe asistans l ap bay peyi sa a nan domën sekirite a.

Nan yon deklarasyon Depatman Deta a pibliye jedi 4 janvye 2018 la, li anonse li plase, yon fwa ankò, 10 peyi sou lis "peyi ki bay kè-sote patikilyèman" daprè Lwa Entènasyonal sou Libète Relijyon an poutèt yo komèt oubyen yo tolere vyolasyon libète relijye lakay yo. Pami peyi sa yo genyen Myannmar (ansyen Bimani an), Lachin, Iran avèk Kore di Nò. Deklarasyon an di:

Pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert.
Pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert.

"Pwoteksyon libète relijyon se yon bagay ki esansyèl pou lapè, stabilite, ak pwosperite. Objektif deziyasyon nou anonse yo se amelyore nivo respè pou libète relijyon nan peyi sa yo. Nou rekònèt efò anpil nan peyi deziye yo ap fè pou yo amelyore respè pou libère relijyon lakay yo; nou byen akeyi inisyativ sa yo e nou pare pou nou kontinye fè dyalòg avèk yo."

Pou sa ki konsènen Pakistan, nan kòmansman semèn nan La Mezon Blanch te di Islamabad ta dwe fè plis efò nan lit kont teworism nan pou l ka resevwa asistans Lèzetazini. Anbasadè pakistanè a nan Washington, Aizzaz Ahmed Chaudhry, bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li lanse apèl pou l mande 2 peyi yo kontinye kenbe kontak antre yo epi evite pran pozisyon ki ta kapab kreye tansyon epi destabilize rejyon an.

Kanta desizyon Depatman Deta a pran pou l plase Pakistan sou lis peyi “vyolatè libète relijyon an”, kèk espesyalis di menm si se yon desizyon nòmal, Lèzetazini chwazi yon move moman pou l fè sa.

XS
SM
MD
LG