Accessibility links

Breaking News

Yon Sitwayen Ameriken Gen Pou l Parèt Devan Lajistis nan Pakistan


Raymond Davis
Raymond Davis

Yon tribinal Pakistan ranvwaye jiska 14 mas san li pa pran okèn desizyon pou konnen si wi ou non yon anplwaye depatman deta ki anba akizasyon ansasina gen iminite diplomatik.

Wòt kou de jistis Pakistan an nan vil Lahore nan nòdès peyi a fikse yon nouvo dat jedi 16 fevriye 2011 la pou deside sou stati Raymond Davis ke yo akize pou lanmò 2 Pakistané.

Davis ki di li te aji an defans lejitim apré ke 2 mesye yo te eseye vòlè lajan sou li avèk zam nan men yo nan dat 27 janvye toujou rete anba men otorite Pakistan yo malgre ensistans Lezetazini ki di li gen iminite diplomatik.

XS
SM
MD
LG