Accessibility links

Breaking News

Pakistan: Antèman Gouvènè Salman Taseer


Pakistan: Antèman Gouvènè Salman Taseer
Pakistan: Antèman Gouvènè Salman Taseer

Nan Pakistan, lapolis nan vil Lahore twouve yo sou yon gwo eta dalèt nan moman foul moun ap rasanble pou yo asiste seremoni antèman gouvènè pwovens Punjab la, Salman Taseer, ki te mouri ansasinen madi 4 janvye 2011 la anba men pwòp gad sekirite li.

Premye Minis Yousouf Raza Gilani pase lòd pou yo chante yon antèman ofisyèl pou gouvènè a e seremoni sa a ap dewoule nan mezon prive defen an nan vil Lahore. Lapolis ap fè patwouy nan tout lari yo e yo pran pozisyon divès kote pou yo pwoteje prensipal biwo Leta yo.

Asasina sa a rive nan moman pati ki sou pouvwa a nan Pakitsan --Pati Pèp Pakistanè a-- ap fè gwo efò pou l fòme yon nouvo gouvènman, aprè youn nan patnè kle nan kowalisyon ki sou pouvwa a te pran desizyon pou l pase nan lopozisyon. Gouvènè Taseer te yon manm Pati Pèp Pakistanè a.

XS
SM
MD
LG