Accessibility links

Breaking News

Pò Oakland la, Eta Kalifòni, te Fèmen Akoz Yon Mouvman Grèv


Pò Oakland la, Eta Kalifòni, te Fèmen Akoz Yon Mouvman Grèv
Pò Oakland la, Eta Kalifòni, te Fèmen Akoz Yon Mouvman Grèv

Plizyè milye manifestan mouvman "Okipe Wall Street la" fòse fèmti tanporèman 5èm pi gran pò Etazini nan vil Oakland, eta Kalifoni ki nan lwès peyi a.

Otorite nan pò a te di byen ta mèkredi 2 oktòb 2011 la yo sispann operasyon maritim yo e yo voye anplwaye nan biwo prensipal la lakay yo pou sekirite yo e pou fasilite sikilasyon an nan zòn nan.

Responsab pòtyè yo di operasyon yo pral rekòmanse lè sitiyasyon sekirite yo ta amelyore. Byen bonè jounen mèkredi a, plizyè milye manifestan te defile anba lavil Oakland nan kad yon tantativ pou etann yon grèv jeneral nan tout vil la.

XS
SM
MD
LG