Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Chita -Tande Jwenn yon Antant pou Ogmante Plafon Dèt Peyi a


Prezidan ameriken an Barack Obama (AP Photo/Carolyn Kaster)
Prezidan ameriken an Barack Obama (AP Photo/Carolyn Kaster)

Prezidan Obama chita pale ak yon lòt gwoup depite nan Kongrè a, tandiske l ap chache ankouraje Demokrat yo ak Repibliken yo jwenn yon antant pou ogmante plafon dèt peyi a, kidonk bay leta dwa prete plis lajan. Nancy Pelosi se lidè minorite demokrat la.

Depite Pelosi di Demokrat yo ralye dèyè ide ki vle ke pou gen rediksyon defisi toutbon, yon fason ekilibre, fòk nou gen kapasite pou nou peye dèt nou.

Rankont la te dewoule ak Demokrat, men avan sa se Repibliken yo ki t ale nan Mezonblanch pou yo pale ak Prezidan an. Lidè yo se Depite John Boehner.

Li di: “Sa trè klè : si nou pa prese aji e mete lòd nan domèn fiskal la, mache a pral fè –l pou nou."

Pandansetan, Vis-Prezidan Joe Biden ap sèvi kòm moderatè ant Demokrat ak Repibliken k ap negosye sou fason pou yo ogmante plafon dèt la, anvan mwa Out k ap vini an.

XS
SM
MD
LG