Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Atak sou 2 Ajan Ladwann O Meksik


Ajan Espesyal Jaime Zapata
Ajan Espesyal Jaime Zapata

Otorite Ladwann Ozetazini fè konnen yon ajan ki te pran bal nan yon atak nan Meksiko kite lopital e l ap reprann li anba blesi li te resevwa lakay li.

Ladwann fè konnen Ajan Espesyal Victor Avila Jr kite lopital la 2 jou apre yo te ba l 3 bal nan janm, madi 15 fevriye a.

Yon lòt ajan ki t ap travay ak li, Jaime Zapata, pèdi lavi l nan atak la, ki fèt pandan yo t ap kondi machin ant vil Mexico ak Monterrey nan nò peyi a.

Sekretè Homeland Security a,Janet Napolitano, ak Minis Jistis, Eric Holder, fòme yon fòs travay an komen pou ede Meksik Mennen ankèt sou tire a, e Madam Napolitano deklare Etazini rete ak konfyans nan efò Meksik ap deplwaye pou konbat vyolans sou teritwa li.

Jedi 17 fevriye 2011 la, Madam Napolitano te di devan yon komite nan Sena a Etazini vekse devan atak sa a, e li deklare moun ki enplike nan zak la ap jwenn jistis.

XS
SM
MD
LG