Accessibility links

Breaking News

OXFAM Regrèt Ayiti Retire Pèmisyon li pou l Fonksyone nan Peyi a


"Oxfam di li regrèt men konprann desizyon otorite ayisyèn yo pran pou retire pèmisyon Oxfam Grann Bretay pou l travay an Ayiti. Konpòtman kèk anplwaye Oxfam ki tap travay an Ayiti apre tranblemandtè 12 janvye 2010 la te konplètman inakseptab. OXFAM prezante eskiz li bay gouvènman an ak pèp ayisyen an pou sa ki te pase.

Depi an 2011, nou te pran yon seri mezi janm pou anpeche arasman ak abi. Nou meta aladispozisyon tout moun ki ta vle denonse jan de movèz konduit sa yon ke manm òganizasyon an ta komèt, yon liy dirèk ki fòme ak yon ekip solid e ki devwe pou asiste w an tout garanti.

An fevriye ane sa a, nou te anonse yon plan ranfòse pwoteksyon globalman kote nou ogmante kantite anplwaye nou yo ak finansman nan sans sa a, ki gen ladan an Ayiti, mete sou pye yon baz done global pou referans yon fason pou fè li pi difisil pou moun ki fè mal travay nan sektè a epi nou te nonmen yon komisyon endepandan pou revize kilti nou yo ak pratik yo pou nou ka fè plis amelyorasyon.

Nou pran angajman pou kontinye fè tout sa nou kapab pou ede dè milyon de moun chak ane ki afekte nan katastwòf imanitè epi pou amelyore lavi moun k ap viv nan povrete. "

XS
SM
MD
LG