Accessibility links

Breaking News

Ouvriye Faktori yo Mande Prezidan Jovenel Moïse pou l Pa Aksepte Pwopozisyon Salè CSS la


Ouvriye faktori yo kap manifeste nan Pòtoprens. 10 jiyè 2017. Foto: Yves Manuel.
Ouvriye faktori yo kap manifeste nan Pòtoprens. 10 jiyè 2017. Foto: Yves Manuel.

Plizye santèn ouvriye pran lari pou denonse rapo sou ogmantasyon salè Konsey Siperye a CSS pwopoze a.

Dapre nouvèl yo, Konsèy Siperyè Salè a ta mande pou salè jounalye a pase nan 300 goud pou rive nan 335 goud, swa yon ogmantasyon 35 goud ayisyen pandan ke ouvrye faktori yo ap reklame 800 goud pa jou.

Ouvriye yo mande Prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, pou l pa pran an kont nouvèl ajisteman salaryal CSS la. Pou le monman, dosye salè ouvriye yo sou biwo chèf leta a ki gen pou l pwononse li sou sa avan londan.

Pandanstan, ouvriye yo kontinye ap manifeste pou mande yon ajisteman ki reponn ak kou lavi a ann Ayiti. Mouvman pou mande yon ogmantasyon salè 800 goud la te demare mwa pase yo apre gouvènman ayisyen an te fin pran desizyon pou redui sibvansyon leta a konn bay pou enpòtasyon pwodui petwolye yo nan peyi a, sa ki lakoz pri gaz la vin ogmante e kou lavi a vin pi chè.

Renan Toussaint kap suiv dewoulman manifestasyon ovriye yo nan Pòtoprens vin ak detay nan yon entèvyou li bay Lyonel Desmarattes.

Klike sou odyo a pou w tande entèvyou a.

Korespondan Lavwadlamerik Renan Tousaint nan mikwo Lyonel Desmarattes sou manifestasyon ouvriye yo.
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:21 0:00

XS
SM
MD
LG