Accessibility links

Breaking News

Nan Le Mond Antye Peyi yo Gen Pwoblèm pou Konnen Kijan e Kouman pou yo Relouvri Aktivite Komèsyal yo


Lapolis nan vil Belen, ann Almay, t ap arete yon neg ki t ap pwoteste kont restriksyon otorite yo enpoze kom prekosyon pou bloke pwopagasyon kowonaviris nan peyi a, nan jounen samdi 16 me, 2020. (Foto: AP/Michael Sohn).
Lapolis nan vil Belen, ann Almay, t ap arete yon neg ki t ap pwoteste kont restriksyon otorite yo enpoze kom prekosyon pou bloke pwopagasyon kowonaviris nan peyi a, nan jounen samdi 16 me, 2020. (Foto: AP/Michael Sohn).

Nan moman otorite tou patou nan lemond ap pran dispozisyon pou yo leve restriksyon yo mete sou aktivite nan peyi yo akoz pandemi kowonaviris la, yo twouve yo devan yon dilèm, ki se: Kijan pou yo etabli yon balans ant sakrifis pèsonèl avèk libète endividyèl. Se yon sitiyasyon konsa ki prezante nan eta ameriken Tennesse, ki nan pati sidès Lèzetazini e ki okipe 20èm pozisyon an pami 50 eta yo pou kantite ka konfime moun ki enfekte ak viris KOVID-19 la epi 30èm plas la pou katite moun ki mouri.

Gouvènè eta a te pase lòd depi mitan mwa mas pase a pou abitan Tennessee yo rete lakay yo jiska nouvèl lòd pandan peryòd kowonaviris la; sepandan lòd sa a te rive nan bout li -nan dat 30 avril pase a, e sete youn nan premye eta kote moun yo te pran lari pou yo pwoteste kont obligasyon pou yo te rete lakay yo a. Reyaksyon popilè sa a ta pral pèmèt aktivite komesyal yo reprann nan eta a. Vrèmanvre semenn pase a biwo gouvènè a te anonse otorite yo relache restriksyon sou distans sosyal la, sa ki pèmèt biznis, tankou restoran ak magazen ki vann an detay, leve restriksyon sou kantite kliyan yo ka resevwa e pemet an menm tan anpil enstalasyon komèsyal reprann aktivite yo pandan yo kontinye respeske distans sosyal la; e, rive nan jounen vandredi 22 me pase a, tou le 50 eta ameriken yo kòmanse leve kèk nan restiksyon sou konpòtman ak deplasman popilasyon an.

Globalman Tennesse anrejistre plis pase 20 mil ka konfime kowonaviris; sou kantite sa a gen 336 moun ki mouri, dapre rejis ofisyèl eta a. Pandansetan, pou sa ki konsènen rès mond la, responsab yo anrejistre plis pase 5 milyon 400 mil ka konfime enfeksyon epi 345 mil mò, dapre estatistik Inivèsite Johns Hopskins nan Baltimoe, tou prè Washington DC, pibliye. E Lèzetazini kontinye okipe premye plas la nan lemond pou kantite ka konfime yo -swa plis pase yon milyon- tandiske kantite moun ki mouri nan peyi a anba maladi kowonaviris la preske rive 100 mil.

XS
SM
MD
LG