Accessibility links

Breaking News

Otorite yo nan Meksik Revoke Chèf polis 20 tan an


Marisol Valles Garcia ki tap enspekte selil yon prizon lè l te chèf polis Praxedis G. Guerrero, tou prè Ciudad Juarez, Mexico, (foto achiv 20 oktòb 2011)
Marisol Valles Garcia ki tap enspekte selil yon prizon lè l te chèf polis Praxedis G. Guerrero, tou prè Ciudad Juarez, Mexico, (foto achiv 20 oktòb 2011)

Nan peyi Meksik, otorite yo revoke Marisol Vallles , yon dam ki gen 20 tan ki te pote l volontè kòm chèf polis nan yon rejyon fwontalyè ki chaje ak vyolans.

Sanble li ta abandone pòs li poutèt li ta resevwa menas lanmò. Otorite yo di Marisol Vallles te mande vakans depi 2 mas la pou l te ka regle kèk afè pèsonèl li e li te gen pou l te tounen travay nan lendi 7 mas 2011 la nan rejyon Praxedis G. Guerrero.

Men majistra vil la revoke l lè li wè miss Valles pat vinn travay san li pa bay okenn eksplikasyon.

Medya lokal yo fè konnen miss Valles kouri kite Meksik e li al chèche azil politik Ozetazini apre li te resevwa menas nan men katèl dwòg yo. Otorite meksikèn di yo pat genyen okenn enfòmasyon sou deplasman manmzèl.

XS
SM
MD
LG