WASHINGTON, DC —
Pwosè prezidan dechi ejipsyen Mohamed Morsi ki te dwe reprann mèkredi 8 janvye a ranvwaye pou premye premye fevriye akòz move tan ki anpeche li ale nan tribinal la.
Pwosè a te dwe demare nan yon akademi polis nan vil Lekèr, kapital Ejip, men misye Morsi fèmen nan vil Alexandrie--yon vil ki sou yon distans 175 kilomèt ak kapital la, kote bwouya te anpeche elikoptè ki te pou mennen l lan dekole.
Premye odyans lan te dewoule nan mwa novanm ane pase a e l te dire kèk minit sèlman apre ansyen prezidan an te rejte pwosedi a e ensiste pou di se li ki lidè lejitim
Ejip.
Lame te kapote misye Morsi sou pouvwa a nan mwa jiyè ane pase apre manifestan opozisyon an te akize’l deske li tap eseye monopolize pouvwa a.
Depi dat la, otorite ejipsyen yo ap sere boulon sipòtè pati Frè Mizilman ansyen prezidan an, e menm arete plizyè nan lidè mouvman an epi deklare l se yon "òganizasyon teworis".
Plis pase yon milye moun--prensipalman islamis kap apiye misye Morsi--pèdi lavi yo nan pwotestasyon yo ki pa sispann nan Ejip.