Nan peyi Meksik, minis jistis la Marisela Morales fè konnen jiskaprezan yo dekouvri 183 kadav nan fòs komin ki nan pati nòdès peyi a toupre fwontyè amerikano-meksiken an.
Minis Morales pale mèkredi 27 avril 2011 la nan moman li t ap anonse ke 74 moun , pami yo 17 polisye, jwenn arestasyon yo nan kad ankèt y ap men-nen.
Otorite yo te dekouvri kèk kadav sa pa gen lontan la a nan zòn San Fernando nan Eta Tamaulipas kote yo jwenn 72 imigran ki soti nan zòn Amerik Santral mouri ak bal nan tèt .
Otorite yo lage responsabilite ensidan sa yo sou do katèl dwòg meksiken Zetas.