Accessibility links

Breaking News

Otorite Imigrasyon Ameriken yo ap Rekonsidere Sitiyasyon 300 Mil Imigran Ilegal


Otorite Imigrasyon Ameriken yo ap Rekonsidere Sitiyasyon 300 Mil Imigran Ilegal
Otorite Imigrasyon Ameriken yo ap Rekonsidere Sitiyasyon 300 Mil Imigran Ilegal

Ozetazini, administrasyon Obama a anonse li pral rekonsidere ka plis pase 300 mil imigran ilegal k ap fè fas ak depòtasyon pou konnen si yo kapab rete nan peyi a.

Nan yon lèt minis Sekirite Teritoryal la, Janet Napolitano, voye bay yon gwoup palmantè, li fè konnen responsab yo pral rekonsidere chak ka youn pa youn pou yo idantifye imigran ki pa gen gwo akizasyon k ap peze do yo ---pami moun sa yo genyen k ap viv Ozetazini depi lontan.

Sa pral pèmèt Depatman Sekirite Teritoryal la konsantre atansyon n sou depòtasyon imigran ilegal ki kondane pou zak kriminèl ak sila yo ki reprezante yon danje pou sekirite piblik.

XS
SM
MD
LG