Accessibility links

Breaking News

Otorite Ameriken yo Jwenn yon Antant sou Dèt Nasyonal la


Otorite Ameriken yo Jwenn yon Antant sou Dèt Nasyonal la
Otorite Ameriken yo Jwenn yon Antant sou Dèt Nasyonal la

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pale ak laprès byen ta nan lasware dimanch 31 jiyè 2011 la nan La Mezon Blanch pou l di li rive jwenn yon akò ak lidè kongrè a sou yon antant konpwomi k ap leve plafon dèt peyi a e anpeche Lèzetazini rive nan yon pwen kote li pa t ap ka peye dèt li -yon bagay ki pa janm fèt nan tout listwa peyi a. Misye Obama di jounalis yo akò a koupe yon trilyon dola sou depans federal yo pou yon peryòd 10 zan e li prevwa fòmasyon yon komisyon palmantè k ap gen ladan n reprezantan tou lè 2 pati yo (Demokrat ak Repibliken) pou wè ki kote Leta kapab fè plis rediksyon toujou sou depans li yo. Daprè lidè ameriken an, komisyon sa a pral konsidere tout opsyon posib –san bliye ogmantasyon taks ak eliminasyon nan lajan ki la pou pwogram sosyal tankou Medicare. Prezidan Obama di:

“Kompwomi sa a peye yon gwo lajan avans sou rediksyon defisi n ap chache a, e li bay chak pati yon gwo ankourajman pou n rive jwenn yon plan ekilib bidjetè anvan fen ane sa a. Sa k pi enpòtan toujou, li pral pèmèt nou evite peyi a rive nan yon pwen kote li pa ka peye dèt li e mete fen nan yon kriz otorite nan Washington enpoze sou tout rès peyi a.

2 chanm nan Kongrè a genyen pou yo apwouve akò a anvan pou l tounen yon lwa apre Prezidan Obama va siyen n. Tout siyn montre dokiman an pral pase fasilman nan Sena a ki anba kontwòl democrat yo; men sa kapab pi difisil nan Chanm Depite a kote repibliken yo genyen majorite a. Harry Reid, lidè majorite a nan Sena a, di gran kò a kapab vote sou akò a lendi pemye out la.

“Demokrat ak repibliken pa t janm gen plis nesesite pase jodiya pou yo mete tèt yo ansanm. Mwen konnen akò sa a pap fè tout repibliken plezi; e sa n di pètèt li p ap fè tout demokrat plezi non plis. Tou lè 2 pati yo fè plis konsesyon pase sa yo te vle fè, e pyès pati pa rive jwenn tout sa li t ap chache; men se sa yo rele konpwomi, se sa yo rele konsansis. Pèp ameriken an t ap mande konpwomi semèn sa a ; li jwenn konpwomi.

Se menm santiman an nou jwenn tou bò kote lidè minorite a nan Sena a, Repibliken Mitch McConnell. Senatè Eta Kentucky a di: « Nou kapab bay pèp ameriken an asirans aswè a ke Lèzetazini p ap manke satisfè obligasyon ni pou la premyè fwa nan istwa nou. »

La Mezon Blanch fè konnen akò li jwenn ak lidè Kongrè a pral pote yon gwo garanti sou avni ekonomi amerikèn nan ki nan yon eta frajil. Se konsa tou antant la pral ranvwaye tout lòt deba sou leve plafon dèt nasyonal Lèzetazini an pou jous apre eleksyon jeneral yo (sètadi eleksyon prezidansyèl e lejislatif) ki fikse pou novanm 2012.

XS
SM
MD
LG