Accessibility links

Breaking News

Otorite Ameriken yo Atann Gwo Foul ak Gwo Pri pou Sezon Vwayaj Ete a


Yon reprezantan Southwest airlines ede yon kliyan nan ayewopo Love Field, nan Dallas, Texas, 19 Me 2023.
Yon reprezantan Southwest airlines ede yon kliyan nan ayewopo Love Field, nan Dallas, Texas, 19 Me 2023.

Wikèn sa a reprezante komansman sezon ete a ki pa ofisyèl - kote konpayi ayeryèn yo espere evite kawo ki te egziste ane pase a kote vwayajè yo tap chache tout mwayen pou ekonomize lajan sou biyè ak chanm otèl.

Vwayaje Paul Bowen pare pou l pran avyon.

"Tout bagay pi chè. Biyè yo pi chè donk li difisil pou fè plis pase yon vwayaj avyon kounyea."

Gen kèk vwayajè ki di yo pap vwayaje otan ane sa a, oubyen yo pral kondui olye yo pran avyon.

Gen lot ki deside fè lot sakrifis pou ekonomize lajan.

"Akoz pri biyè yo nou deside se nou 2 a kap vwayaje sèlman. Donk papa ak frè pral rete lakay fwa sa a.

Stephanie Hanrahan se moun Dallas e lap vwayaje Disney World nan Florid pou fèt pitit fi li.

"Dabitid ou ka ekonomize lajan si w planifye alavans, men nou pat fè sa donk nap oblije redi epi aksepte peye tèt neg an echanj pou bèl eksperyans ak memwa. Nou pral obije fè sakrifis epi peye pri a men nap fè l kanmenm."

Oganizasyon AAA (American Automobile Association - ou asosyasyon otomobil Ameriken an) predi gen 37 milyon Ameriken ki pral kondui omwens 100 kilomèt wikèn sa a.

Se yon ogmantasyon plis pase 2 milyon moun konpare ak kantite ki te vwayaje pou fèt nasyonal Memorial Day la ane pase a. Men chif la toujou mwens pase kantite moun kite konn vwayaje anvan pandemi COVID-19 la te komanse an 2019.

Administrasyon Sekirite Transpo a, TSA, atann ni aske 10 milyon moun pase enspeksyon ant Vandredi ak Lendi. Se yon ogmantasyon 14 pousan konparativman ak sezon fèt la ane pase a, e yon ti kras plis pase chif yo te anrejistre an 2019.

XS
SM
MD
LG