Accessibility links

Breaking News

Siklòn Yasi ap Pwoche Sou Ostrali


Siklòn Yasi ap Pwoche Sou Ostrali
Siklòn Yasi ap Pwoche Sou Ostrali

Nan peyi Ostrali, otorite yo fè konnen li twò ta pou evakye moun ki rete nan Eta Queensland anvan siklòn Yasi k ap vanse byen rapid sou rejyon lakòt peyi a.

Siklòn sa a ap pote ak li gwo vouvari van ak gwo lapli ki ka fè anpil dega. Premye minis Queensland la, Anna Bligh di evakyasyon abri sekou nan vil Caims deja atènn kapasite li avèk plis ke 9 mil moun ; sa ki oblije yo paka resevwa moun ankò.

Madanm Bligh te bay avètisman pi bonè pou di rezidan ak touris yo pran men youn lòt epi al chache mete yo an sekirite. Siklòn Yasi gen pou l touche tè aswè a kòm yon siklòn kategori 5 avèk van k ap soufle a 300 kilomèt a lè.

XS
SM
MD
LG