Teworis ki responsab atak 11 septanm 2001 yo Ozetazini, Oussama bin-Laden, jwenn lanmo l 1er me 2011 la nan yon atak twoup militè ameriken yo lanse sou yon baz nan Abbottabad, Pakistan.
Lèzetazini ap chèche depi 10 zan bin-Laden san yo pat ka rive mete men sou li, men jounen jodi a, pèp ameriken an ap selebre apre yo resevwa nouvèl ki fè konnen lit pou jwenn Bin Laden nan fini.
Prezidan ameriken an Barack Obama nan yon mesaj li delivre devan nasyon an,depi nan Mezon Blanch lan, deklare lanmò chèf Al-Qaida a: "se pi gwo akomplisman nou jounen jodi a". Prezidan an kontinye pou l di sa gen 8 mwa depi li aprann nan ki zòn bin-Laden ye e premye me a li bay fòs espesyal Etazini yo lòd mete men sou lidè teworis la.