Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovnèl Moyiz Resevwa Naomi Osaka nan Palè Nasyonal


Naomi Osaka chanpyòn Gran Chelèm ameriken an, US Open nan, edisyon 2018 la. New York, 8 septanm 2018. (Foto: AP/Julio Cortez).
Naomi Osaka chanpyòn Gran Chelèm ameriken an, US Open nan, edisyon 2018 la. New York, 8 septanm 2018. (Foto: AP/Julio Cortez).

Prezidan ayisyen an, Jovnèl Moyiz, resevwa nan Palè Nasyonal, jedi 8 novanm 2018 la, japonèz dorijin ayisyèn Naomi Osaka, chanpyòn Gran Chelèm ameriken an, US Open nan, edisyon 2018 la. Miss Osaka ap fè 2èm vizit li ann Ayiti kote li te rive madi 6 novanm pase a.

Nan resepsyon ofisyèl sa a, lidè ayisyen an deklare, antwòt, Naomi --ki genyen 21 ane sèlman- se yon modèl ki montre si jèn yo travay avèk serye, ak detèminasyon, yo ka reyalize rèv yo genyen pou lavi yo. Nan repons chanpyòn nan (ki te pale an anglè avèk entèpretasyon kreyòl), li fè konnen se yon gwo plezi pou l twouve l ann Ayiti ki se peyi natal papa li.

Resepsyon pou Jenn Pwofresyonèl Tenis, Naomi Osaka, nan Palè Nasyonal la. Yon repòtaj Renan Toussaint.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:31 0:00

Klike sou lyen ki sou liyn sa a pou w swiv yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint.

XS
SM
MD
LG