Accessibility links

Breaking News

Organizasyon Pan-Amerikèn Sante di Ayiti poko Prè Pou Resevwa Vaksen COVID-19 yo


Organizasyon Panamerikèn Sante
Organizasyon Panamerikèn Sante

Pifò peyi nan Amerik Latinn nan ak Karayib la deja kòmanse administre vaksen COVID-19 yo. Ayiti poko konplete etap ki nesesè yo pou l resevwa menm yon sèl piki, daprè Organizasyon Panamerikèn Sante.

Sou-Direktè Organizasyon Panamerikèn Sante "Dr. Jarbas Barbosa di jiskounye a, Ayiti toujou nan pwosesis pou finalize aranjman ke tout lòt peyi yo te fè pou yo te kapab resevwa vaksen sa yo.” Dr. Jarbas Barbosa kontinye pou l di "Ayiti pa p peye pou vaksen sa yo, men peyi a ap bezwen fè kèk aranjman legal ak administratif."

XS
SM
MD
LG