Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Pan-Amerikèn Sante Enplike nan Lit kont Maladi KOVID-19 la ann Ayiti, daprè l'ONU


Stephane Dujarric, pòtpawòl Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini.
Stephane Dujarric, pòtpawòl Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini.

Pòtpawòl Sekretè Jeneral Òganizasyon Nasyon Zini an, Stephane Dujarric, ki ta p prezante yon pwendprès jedi 13 out la nan New York, fè kèk deklarasyon sou sitiyasyon maladi KOVID-19 la ann Ayiti, espesyalman sou kowoperasyon peyi a jwenn nan men Òganizasyon Pan-Amerikèn Sante. Men sa Misye Dujarric di:

<<Ann Ayiti, nan kad dispozisyon peyi a pran pou l jere maladi KOVID-19 la, Òganizasyon Pan-Amerikèn Sante (OPS) fè l’ONU konnen li rive fè fòmasyon pou plis pase 2 mil 800 travayè nan domèn sante kominotè pou apiye pwogram Ministè Sante Piblik la. Travayè sante sa yo resevwa tou materyèl tankou ekipman pou pwoteksyon pèsonèl avèk materyèl sipò pou kominikasyon, tankou megafòn...

An plis de sa, OPS òganize rankont avèk lidè kominotè yo; pami yo genyen prèt vodou -oubyen wougan-, pè katolik, pastè avèk matwòn -oubyen saj famm- yon fason pou ògnizasyon an te ede yo pataje enfòmasyon ki kòrèk sou viris la ak sou sant ki ofri trètman yo.

Manm pèsonèl medikal ki mete mas ak kachne pou yo pwoteje tèt yo pandan y ap pwoteje lòt moun kont kowonaviris nan Pòtoprens, Ayiti (Foto REUTERS/Jeanty J., 27 mas 2020).
Manm pèsonèl medikal ki mete mas ak kachne pou yo pwoteje tèt yo pandan y ap pwoteje lòt moun kont kowonaviris nan Pòtoprens, Ayiti (Foto REUTERS/Jeanty J., 27 mas 2020).

<< OPS fè konnen pwogram “men-kontre sa a” genyen yon gwo enpòtans nan efò ki nesesè pou yo rive jwenn kominote ki nan zòn rekile nan peyi a, san bliye moun ki kw è nan medsin tradisyonèl la. Se konsa responsab yo te itilize tou nouvo mwayen, nouvo teknik Ayiti te devlope pandan li t ap lite kont epidemi kolera a pou yo fè fas ak kowonaviris la.>>

Pòtpawòl Sekretè Jeneral l’ONU an te kontinye avèk yon egzanp kote l di:

<<Enfimyè k ap travay sou teren yo nan kad pwogram “LABO-MOTO” a –ki se yon inisyativ pou teste moun, kote enfimyè k ap deplase sou motosiklet ale nan zòn izole yo pou yo ka gen garanti echantiyon yo prelve sou moun yo sispèk ki enfekte, rive nan laboratwa pou yo teste yo- enfimyè sa yo twouve yo jounen jodi a nan tout rejyon kote yo dwe rive, menm nan rejyon kote li difisil pou moun ale, pou yo kore pwogram tès ki sou pye pou moun yo sispèk ki trape viris KOVID-19 la. >>

XS
SM
MD
LG