Accessibility links

Breaking News

OPS ak OMS Mobilize Pou Ede Nan Batay Kont Kolera Nan Peyi Dayiti


Oganizasyon Panameriken sante ak Oganizasyon Mondyal Sante kòmanse travay ak Ministè Sante Pibik peyi Dayiti pou bay yon repons rapid a epidemi kolera a ki kòmanse gaye nan depatman Latibonit la.

Responsab pou laprès nan biwo rejyonal OPS/OMS nan Washington, Donna Eberwine-Villigran di Lavwadlamerik òganizasyon deja pran tout dispozisyon pou ogmante kantite spesyalis yo nan jefò pou stope epidemi a.

Madam Villagran di: “Nou deja mobilize sant operasyon dijans nou nan Pòtoprens ak biwo rejyonal nou ki gen pèsonèl pemanan nan peyi Dayiti. Sant pou kontrol maladi, CDC, ap ede responsab ministè sante publik yo lokalize ka dyare yo, e jere sitiyasyon an. Nou mobilize epidemyolojis ak espesyalis nan kolera pou al’ ede otorite ayisyèn yo."

Responsab biwo rejyonal OPS/OMS la ajoute Kolera se yon maladi ki gen tretman rapid si moun ki kontamine yo bwè sewòm oral pou reyidrate yo san pèdi tan.

Kolera se yon fòm dyare moun trape nan dlo ak manje kontamine. OPS OMS mande pou tout moun dezinfekte ou swa bouyi dlo y’ap bwè, toujou lave men yo.

XS
SM
MD
LG