Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen li te pase lòd pou lame amerikèn lanse operasyon ki touye Bin Laden nan, aprè li te fin deside ke posiblite pou Lèzetazini mete men finalman sou nèg li t ap chache a, te depase lontan risk ki te makònen ak operasyon sa a.
Nan yon entèvyou misye Obama bay chèn televizyon CBS e ki pase nan pwogram ki rele “60 minutes” dimanch 8 me a, li deklare pi gwo kè-sote li te genyen sete pou sekirite manm kòmando ameriken ki fè desant-de-lye lakay Bin Laden nan, nan vil Abbottabad, nan Pakistan.
Lidè ameriken an fè konnen operasyon an ki te dire 40 minit sete 40 minit ki pi long nan lavi li, eksepte lè youn nan 2 pitit fi l yo te malad ak menenjit sa gen kèk ane.
Misye Obama kontinye pou l di si gen yon moun ki doute ke lidè rezo teworis al-Kayda te merite sa ki rive l la, ebyen, moun sa a ta fèt pou wè yon doktè serye
Daprè lidè ameriken an toujou, san di pètèt li parèt klè ke Bin Laden te genyen yon rezo-sipò anndan Pakistan menm; men misye Obama pa ale jiska akize otorite pakistanè yo dèske yo te ofri azil pou teworis lajistis t ap chache plis nan lemond nan. Li ajoute li pa fin klè nèt si gouvènman pakistanè a te o kouran Bin Laden t ap viv nan peyi a.
Premye minis pakistanè a, Yousuf Raza Gilani, genyen pou l konparèt devan palman an lendi 9 me a pou l bay detay sou operasyon lame amerikèn te mennen lakay Bin Laden nan e sou prezans lidè al-Kayda a nan peyi a.
Yon lòt kote, nan yon entèvyou konseye sekirite Nasyonal Mezon Blanch la, Tom Donilon, bay chèn televizyon NBC dimanch 8 me a, li di malgre Bin Laden mouri, menas rezo al-Kaida-a toujou egziste.
Misye Donilon kontinye pou l di Lèzetazini pa kapab konsidere al-Kayda kòm yon rezo ki detrui estratejikman; men lanmò Bin Laden reprezante yon gwo reyalizasyon nan efò k ap fèt pou elimine gwoup teworis la.
Konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch la fini pa di materyèl ak dokiman yo sezi nan rezidans Bin Laden nan reprezante yon pui chaje ak trezò lè ou konsidere enfòmasyon ak done yo genyen ladan yo, e se pi gwo kantite enfòmasyon sekrè sèvis ransèyman ameriken an janm ranmase.