Accessibility links

Breaking News

Opinyon CDC Sou Epidemi Kolera Ki Frape Ayiti a


Opinyon CDC Sou Epidemi Kolera Ki Frape Ayiti a
Opinyon CDC Sou Epidemi Kolera Ki Frape Ayiti a

Responsab sante ameriken yo di yon epidemi kolera ki deja touye plis pase 300 moun ann Ayiti se menm souch ak sa yo jwenn an jeneral nan rejyon sid kontinan azyatik la .

Sant Ameriken Pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) di chèchè yo idantifye souch la apre analiz yo fè sou ADN ki ka konpare ak sa yo te jwenn nan lòt rejyon sou planèt la kote yo itilize yon metòd ki baze sou “anprent dijital ADN“.

Minis Sante Piblik la nan peyi Dayiti, Doktè Alex Larsen, di menm si rezilta yo montre maladi a pa gen yon souch ayisyèn, souch kolera a kapab transmèt de yon rejyon ak yon lòt akoz vwayaj ak komès entènasyonal. Doktè Larsen ajoute: "Nou pa pral janm konnen vrè orijin souch ki lakoz epidemi an ann Ayiti. " Sepandan rezilta sa a kapab lakoz yo entansifye e apwofondi rechèch ak analiz k ap fèt sou yon baz l’ONU genyen tou prè Flèv Latibonit la, nan sant Ayiti.

Sòlda Fòs Mentyen Lapè Nasyonzini ann Ayiti (MINUSTAH) ki sòti nan peyi Nepal te rive ann Ayiti sa pa gen lontan .Nepal se yon peyi sid-azyatik kote maladi kolera a tounen yon pandemi, sa vle yon peyi kote epidemi an touche yon gwo pati nan popilasyon an.

XS
SM
MD
LG