Accessibility links

Deklarasyon Prezidan Konsèy Sekirite l'ONU sou Fen Misyon MINUSTAH ak Kòmansman Misyon MINUJUSTH

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Rankont Manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini an

<< Nan moman MINUSTAH (Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon ann Ayiti) rive nan fen misyon li nan dat 15 oktòb 2017 la, Konsèy Sekirite a rekonèt pwogrè Peyi Dayiti reyalize depi ane 2004.

<< Pandan lap raple Rezolisyon 2 mil 350 la (ki te adopte an 2015) ak Rezolisyon 2 mil 313 la, ki te pase an 2016, Konsèy Sekirite a byen akeyi pwogrè vizib Ayiti reyalize sou wout stablite ak demokrasi. Li atire atansyon sou amelyorasyon ki fèt nan travay pou konsolide sekirite a ak sitiyasyon imanitè a. Se konsa tou, Konsèy Sekirite a akeyi avèk satisfaksyon òganizasyon eleksyon prezidansyel yo nan lane 2016, ki te pare chemen an pou ranfòse enstitisyon demokratik Ayiti yo gras ak yon transfè pasifik pouvwa a.

Anbasadè Lafrans François Delattre (agoch), aktyèl Prezidan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an (pou mwa doktòb 2017 la)
Anbasadè Lafrans François Delattre (agoch), aktyèl Prezidan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an (pou mwa doktòb 2017 la)

<< Konsèy Sekirite a rekonèt kontribisyon MINUSTAH nan travay pou retabli sekirite ak stabilite ann Ayiti pandan 13 zan li pase nan peyi a. Konsèy Sekirite a eksprime apresyasyon li pou efò Ekip Peyi Nasyon Zini yo, anba leadership Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral la, ak manm pèsonèl MINUSTAH yo pou devouman yo. Se konsa tou, Konsèy Sekirite a eksprime rekonesans li pou manm fòs polis ak fòs zame peyi ki te kontribye nan konpozisyon MINUSTAH pou apui yo te bay misyon an atravè lèzane.

<< Konsèy Sekirite a raple prensipal responsablite gouvènman ayisyen an genyen pou l garanti stabilite nan peyi a e li reafime an patikilye nesesite pou dyalòg politik sèvi kòm yon solisyon pasifik pou ede bese tansyon ant gwoup ki nan kan opoze epi rezoud pwoblèm sosyo-ekonomik ki egziste yo. Konsèy la ensiste sou enpòtans travay pou fè eta de dwa, refòm lajistis, respè dwamoun, tounen priyorite; pami priyorite sa yo dwe genyen efò pou bay fanm yo plis dwa ak pouvwa e pèmèt yo patisipe totalman nan priz de desizyon yo; epi devlope plis toujou kapasite Polis Nasyonal Dayiti (PNH) pou ba l mwayen li bezwen pou l amelyore anviwonnman sekirite a ann Ayiti; paske tout sa enpòtan anpil-anpil pou reyalize yon sekirite a lon tèm. An plis de sa, Konsèy Sekirite a eksprime konfyans li ke nouvo misyon an pral travay yon fason sere-sere ak gouvènman ayisyen an e li lanse apèl bay gouvènman an pou mande l fasilite reyalizasyon manda misyon an ak fonksyonnman li nan peyi a.

<< Konsèy Sekirite a rekonèt “Nouvèl Apwòch Nasyon Zini Vizavi Prezans Kolera ann Ayiti” ak pwogrè ki kontinye fèt nan rediksyon kantite ka korera sispèk yo.

<< Konsèy Sekirite a reafime apui li pou politik zewo-tolerans Nasyon Zini konsènan tout fòm eksplwatasyon ak abi seksyèl, epi li afime enpòtans sipò pou moun ki viktim eksplwatasyon ak abi seksyèl.

<< Konsèy Sekirite a ensiste sou le fèt ke genyen travay enpòtan toujou sou wout kap debouche sou plis sekirite, kore demokrasi ak devlopman dirab ann Ayiti. Konsèy Sekirite a ensiste sou enpòtans travay pou kontinye apiye Ayiti pandan peyi a ap pase nan pwochen faz angajman Nasyon Zini an, e li byen akeyi travay Misyon Nasyon Zini pou Apiye Jistis ann Ayiti (MINUJUSTH) pou konsolide pwogrè ki fèt deja nan moman Ayiti ap fè yon transizisyon ak prezans yon misyon l’ONU ki pa yon fòs mentyen lapè.

<< Konsèy Sekirite a byen akeyi tou itilizasyon tout yon varyete de zouti pou apiye Ayiti pandan l ap chache poze e rezoud pwoblèm politik, ekonomik, sosyal li yo, epi fè fas ak defi ki poze nan domèn sekirite a. Konsèy la ensiste sou enpòtans strateji MINUJUSTH –kap ranplase MINUSTAH- pral mete an plas ann Ayiti pandan yon misyon ki pral dire 2 zan –dapre pwojeksyon ki fèt-- kòm yon misyon ki pa gen karaktè mentyen lapè, dekwa pou kontinye apiye efò gouvènman ayisyen an ap fè pou l konsève lapè epi kontinye bati lapè. >>

XS
SM
MD
LG